Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 17:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l, se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Se Bondye sa a ki kreye mond lan ak tout sa k ladan l. Se li menm ki mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan okenn tanp moun fè ak men yo.

参见章节 复制




Travay 17:24
36 交叉引用  

Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.


Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pi Wo a, Mèt Syèl la ak tè a.


Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a,


Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!


Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a.


Men se kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L.


“Men èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a.


Syèl yo se Syèl SENYÈ a, Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.


A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,


Kite yo louwe non SENYÈ a, paske se sèl non Li ki leve wo. Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.


Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann; lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.


Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L? Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri; ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi, ki te peze mòn yo nan gwo balans, e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?


Èske nou pa konnen? Èske nou pa tande? Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a, Kreyatè a dènye pwent latè a, pa konn fatige, ni bouke. Konprann pa Li depase tout bon konprann.


Konsa pale Bondye SENYÈ a ki te kreye syèl yo e ki tann yo, ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann, ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li, e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,


Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a, Dye la ki te fòme tè a e ki te fè l la; Ki te etabli li, e Li pa t kreye li vid, men te fòme l pou moun ka viv ladann di: “Mwen se SENYÈ a. Nanpwen lòt.


Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?


Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”


Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”


‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,


Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la e pami sila ki rete sou latè yo; epi nanpwen moun ki ka evite men Li, ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”


Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki kreye lespri a lòm nan anndan l lan.


Èske se pa yon sèl papa nou genyen? Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo?


Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo.


Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye;


Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”


Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye.


“Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann.


Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann,


“Poutan Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a:


Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè.


“Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann.


Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan.


Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye.


Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.


跟着我们:

广告


广告