Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 17:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche Jésus ak rezirèksyon an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Kèk filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di: — Kisa paladò sa a vle di la a? Gen lòt moun ki t'ap di: — Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Pandan l te sou plas la, gen kèk filozòf ki te patizan lide Epiki yo ansanm ak kèk lòt ki te rele tèt yo Estoyisyen, yo te patizan lide Zenon yo, filozòf sa yo te kòmanse diskite ak Pòl. Gen nan yo ki di: “Nonm sa a pa menm konn sa l ap pale a. Ki sa l ap eseye di menm?” Pòl t ap anonse yo Bòn Nouvèl la konsènan Jezikris la epi li t ap pale yo sou jan moun ki mouri yo gen pou resisite. Lè sa a, yo di: “Li genlè ap eseye pale nou de kèk lòt dye etranje!”

参见章节 复制




Travay 17:18
16 交叉引用  

Pa pale nan zòrèy a moun sòt, paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.


Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.


Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo.


Lè L te kite la, skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse vin move anpil. Yo te kesyone L byen pre sou anpil sijè,


Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”


Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo.


Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.


Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne.


Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou,


Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.


Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè.


Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.


跟着我们:

广告


广告