Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 17:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Konsa, li t ap rezone nan sinagòg la avèk Jwif yo ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rakontre.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Li t'ap diskite nan sinagòg la avèk jwif yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Apre sa, chak jou li t'ap diskite tou sou plas piblik la avèk tout moun li te kontre la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Nan Sinagòg la, li te fè anpil bon diskisyon avèk Jwif yo ak Grèk ki te konn adore Bondye yo; men, chak jou, li te konn al sou plas piblik la tou pou pale ak moun k ap pase sou plas la.

参见章节 复制




Travay 17:17
17 交叉引用  

Beni se moun ki koute mwen an, k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo, k ap veye kote poto pòt kay mwen an.


Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan. “Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble; paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran, menm sa ki nan laj ak granmoun.


Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.


Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.


Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.


Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki krent Bondye, koute:


Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan gras Bondye a.


Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.


Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.


Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus nan sinagòg yo e t ap di: “Li se Fis Bondye a”.


Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa,


k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li. Evite moun konsa yo.


跟着我们:

广告


广告