Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 17:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men, lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo konmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Men, lè Jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse mesaj Levanjil la nan Bere, yo te vini la tou pou pran tèt foul la epi kreye tapaj.

参见章节 复制




Travay 17:13
14 交叉引用  

Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li.


Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.


Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.


“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.


“Èske nou sipoze ke Mwen te vini pou bay lapè sou latè? Mwen di nou non, men olye sa, divizyon.


Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.


Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.


Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.


Men Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.


Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak Trophime ki sòti an Asie.


Lè sèt jou yo te prèske fini Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li.


Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la.


Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo.


跟着我们:

广告


广告