Travay 16:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen37 Men Paul te di yo: “Yo gen tan bat nou an piblik san jijman, moun ki se sitwayen Women, e yo te jete nou nan prizon. Alò, koulye a y ap voye nou ale an sekrè? Anverite, non! Men kite yo vini yo menm, pou mete nou deyò.” 参见章节1998 Haïtienne37 Men, Pòl di gad yo konsa: — Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Kounyeya yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil37 Men, Pòl di sòlda yo: “Majistra sa yo pa t jwenn okenn prèv kont nou pou kondane nou, malgre sa, yo fè bat nou kon sa devan piblik la epi yo fèmen nou nan prizon, epi se sitwayen Women nou ye. Kounye a yo vle lage nou ankachèt. Non, sa p ap pase. Se yo menm menm ki pou vini an pèson, pou vin lage nou.” 参见章节 |