Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 16:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Yo reponn li: — Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Pòl ak Silas reponn: “Mete konfyans ou nan Jezi, Senyè a, epi ou ap sove, ou menm ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.”

参见章节 复制




Travay 16:31
31 交叉引用  

“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.


Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”


“Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.


Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.


Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li.


Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.


Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,


Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.


Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.


Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl.


Men nou kwè ke nou sove pa lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”


Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.


Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.


Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.


“Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”


Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.”


Si premye mòso ki sòti nan pat pen an sen, tout rès la ap sen tou, e si rasin lan sen, tout branch yo ap sen tou.


Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.


Men Lekriti sen an anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.


Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.


跟着我们:

广告


广告