Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 16:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Lè sa a, chèf prizon an mande pou yo vini ak yon chandèl. Li kouri nan kacho a, ap tranble tankou fèy bwa, tèlman l te pè. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas.

参见章节 复制




Travay 16:29
13 交叉引用  

Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN


SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble. Li plase twòn Li an anwo cheriben yo. Kite latè pran tranble!


Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.


Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.


Tande pawòl SENYÈ a, nou menm ki tranble devan pawòl Li yo: “Frè nou ki rayi nou yo, ki rejte nou akoz non Mwen, Yo te di: ‘Kite SENYÈ a resevwa glwa, pou nou ka wè nou fè kè kontan.’ Men sila yo k ap wont.


Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Mwen fè yon dekrè ke nan tout dominasyon wayòm mwen an, pou tout moun gen pou gen lakrent e tranble devan Dye Daniel la; Paske Li se Bondye vivan an, ki dire jis pou tout tan an, epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap janm detwi. Règn li an va jis pou tout tan.


Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo.


Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”


Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.”


Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.


跟着我们:

广告


广告