Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 16:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Lè mesye yo ki te mèt ti jenn fi a wè sa k pase a, yo konprann yo p ap ka sèvi avè l ankò pou fè lajan. Konsa, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo al sou plas piblik la pou fè yo parèt devan majistra yo.

参见章节 复制




Travay 16:19
24 交叉引用  

Konsa, yo te pwoche pou te pale devan wa a konsènan dekrè a: “Èske ou pa t siyen yon dekrè ke yon moun ki ta fè petisyon a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm, O wa, pandan trant jou, ta vin jete nan fòs lyon an?” Wa a te reponn: “Pawòl sa a se verite, selon Lalwa a Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje menm.”


“Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.


“Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm.


Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.


Lè Jwif yo avèk ofisye yo ansanm ak pèp etranje yo te tante maltrete yo, e te fè plan lapide yo,


Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo.


Se mesye yo ki riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri.


Men Paul te chwazi Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a.


Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo.


Lè yo te mennen yo a chèf majistra yo, yo te di: “Mesye sa yo se Jwif yo k ap boulvèse vil nou an.


Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.


Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas,


Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout mond lan rive isit la tou.


Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen.


Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.


Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”


nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou


Konsa nou ap pase menm konfli entèn ke nou te wè m pase a, e koulye a tande k ap fèt nan mwen.


Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.


Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.


Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal.


跟着我们:

广告


广告