Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 15:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Men Paul te chwazi Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

40 Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l favè l, li pati.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

40 Pòl li menm chwazi Silas pou ale avè l. Apre kwayan yo fin priye pou mande Bondye akonpanye yo ak gras li, Pòl ak Silas pati.

参见章节 复制




Travay 15:40
14 交叉引用  

Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.


Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.


Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a.


Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo.


Jude ak Silas, ki te pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.


Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo.


Kèk nan yo te vin kwè, e te vin jwenn avèk Paul ak Silas, ansanm avèk yon gran kantite Grèk ki te krent Bondye, ak yon kantite fanm enpòtan.


“Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.


Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.


Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.


Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.


Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou nan lafwa yo. Ke lagras avèk nou tout.


跟着我们:

广告


广告