Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 15:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Barnabas te vle pran Jean Marc pou ale avèk yo tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

37 Banabas te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

37 Banabas te vle pou Jan, jenn nonm yo abitye rele Mak la, akonpanye yo nan vwayaj la.

参见章节 复制




Travay 15:37
9 交叉引用  

Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye.


Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc.


Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.


Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.


Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.


Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen).


Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an.


tankou Marc, Aristarque, Démas Luc, ouvriye parèy a mwen yo.


Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an Marc tou.


跟着我们:

广告


广告