Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 15:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Yo te voye lèt sa a avèk yo: “Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Yo te ba yo lèt sa a pote ale: — Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Men lèt gwoup la te bay mesye yo pot ale a: Apot yo ansanm ak lidè yo, ki se frè nou nan lafwa, voye bonjou pou tout frè nou yo ki pa Jwif, k ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan Silisi.

参见章节 复制




Travay 15:23
21 交叉引用  

Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”


Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap preche Senyè Jésus a.


Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te komanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri pòt lafwa a pèp etranje yo.


Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”


Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a.


Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo.


Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon rapò konple de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.


Li te vwayaje travèse Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.


Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.


“Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”


Lè nou te vin wè Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.


Claude Lysias, a trè ekselan Gouvènè Félix; Salitasyon.


Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne.


Konsa mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie.


Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.


Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li,


Pitit a sè chwazi yo salye nou. Amen


Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lamou.


men mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fas a fas.


跟着我们:

广告


广告