Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 15:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Men nou kwè ke nou sove pa lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Okontrè, n'ap repete li ankò: Se favè Jezikri fè nou kifè nou sove, menm jan li fè yo favè a tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Non, nou kwè se gras Senyè Jezi fè nou ki fè nou sove. Se menm jan an tou pou moun lòt nasyon yo.”

参见章节 复制




Travay 15:11
14 交叉引用  

Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a,


Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun.


Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.


Ke gras Senyè a Jésus avèk nou.


Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil;


sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye.


Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun


Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.


跟着我们:

广告


广告