Travay 14:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo. 参见章节1998 Haïtienne3 Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Senyè a. Senyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l te moutre sa yo t'ap di a te vre. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil3 Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre. 参见章节 |