Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 14:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè apot yo tande sa, yo chire rad sou yo tèlman yo fache. Yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò ak yo, yo t'ap di:

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Men, lè apot yo, Banabas ak Pòl, vin konprann sa foul la t ap chache fè a, yo chire rad sou yo. Yo kouri nan mitan foul la, yo leve vwa yo, yo di:

参见章节 复制




Travay 14:14
11 交叉引用  

Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.


Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: “Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”


Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo.


Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo.


Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan.


Konsa, wo prèt la te chire rad li. Li te di: “Kisa nou bezwen kòm temwayaj ankò?


Men moun vil yo te divize. Kèk te pran pati a Jwif yo, e kèk vè apòt yo.


Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apòt? Èske mwen pa wè Jésus, Senyè nou an? Èske nou se pa zèv mwen nan Senyè a?


跟着我们:

广告


广告