Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 13:47 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou: ‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo, pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

47 Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

47 Paske, men sa Senyè a menm te di nou: Mwen mete w pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou montre moun toupatou sou latè kijan pou yo sove.”

参见章节 复制




Travay 13:47
35 交叉引用  

“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


Mwen menm se SENYÈ a. Mwen te rele Ou nan ladwati. Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men. Mwen va pran swen Ou. Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la, kon yon limyè pou nasyon yo,


“Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.


Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”


SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.


Nasyon yo va vin kote limyè ou a, e wa yo nan klète lè ou leve a.


O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”


Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’


pou yo kapab vin posede retay Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.


Epi konsa, retay Jacob la va nan mitan anpil nasyon pèp yo, tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a, tankou lapli k ap farinen sou zèb, ki p ap tann lòm, ni fè reta pou fis a lòm yo.


Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou.


Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.


Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.


“yon limyè revelasyon pou payen yo, epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”


Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.


Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”


“Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen kote pèp etranje yo.’”


Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”


Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo.


跟着我们:

广告


广告