Travay 13:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’. 参见章节1998 Haïtienne22 Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m plezi. Li va fè tou sa m vle l fè. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil22 Apre Bondye te fin rejte Sayil, li bay pèp la David kòm wa. Men sa Bondye limenm te di konsènan David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a, yon nonm ki nan gou m. Li va fè tout sa mwen vle l fè. 参见章节 |