Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 11:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Konsa, kwayan nan legliz Antyòch yo te deside chak moun t ap bay sa yo kapab pou ede frè ak sè nan Kris yo ki t ap viv nan rejyon Jide a.

参见章节 复制




Travay 11:29
27 交叉引用  

Selon kapasite pa yo, yo te bay nan kès la sòm a swasann-te-yen-mil drakma an lò, senk-mil min an ajan, avèk san vètman pou prèt yo.


Mwen te di yo: “Nou menm, selon kapasite nou, te rachte Jwif frè parèy nou yo ki te vann a lòt nasyon yo; alò koulye a, èske nou ta menm vann frè nou yo pou yo ta kab vin vann a nou menm?” Yo te rete an silans e pa t kab twouve yon pawòl pou pale.


“Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt.


Jésus ansanm ak disip li yo te envite nan maryaj la.


Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di:


Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a.


Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun. Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.


Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.


Men pandan disip yo te kanpe antoure li, li te leve, e te antre nan vil la. Nan pwochen jou a, li te sòti avèk Barnabas pou rive Derbe.


La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”


“Alò, apre plizyè ane, mwen te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann m.


Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay,


Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.


Li te pran manje e te reprann fòs li. Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo.


Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen.


Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.


Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.


跟着我们:

广告


广告