Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 11:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Alò nan tan sa a, kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Lè sa a, kèk pwofèt sòti Jerizalèm rive Antyòch.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Nan lè sa a tou, kèk pwofèt te soti Jerizalèm vini Antyòch.

参见章节 复制




Travay 11:27
19 交叉引用  

“Pou sa, gade, Mwen ap voye bannou pwofèt ak moun saj, ak Skrib yo. Kèk nan yo, nou va touye e krisifye. Kèk nan yo, nou ap bay kout fwèt nan sinagòg nou yo, e pèsekite yo soti nan yon vil jiska yon lòt,


“Pou rezon sa, sajès a Bondye te di: “Mwen va voye bay yo pwofèt ak apòt. Kèk yo va touye, e kèk yo va pèsekite;


Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap preche Senyè Jésus a.


Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye Barnabas Antioche.


Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.


Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a.


Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo.


Donk, lè yo te voye yo ale, yo te desann Antioche. Yo te ransanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la.


Jude ak Silas, ki te pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.


Lè l te rive Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann Antioche.


‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, e granmoun nou yo va fè rèv.


Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem.


Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te pwofetès.


Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche.


epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo.


Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo.


Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.


Men lè Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane.


Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè,


跟着我们:

广告


广告