Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 11:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Paske li te yon bon moun. Li te ranpli ak Lespri Sen an, ak lafwa. Konsa, anpil moun te adisyonen a Senyè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l anba pouvwa l tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Senyè a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Banabas sa a, se te yon bon moun. Li te gen anpil lafwa epi l te toujou anba pouvwa Sentespri a. Epi anpil lòt moun te vin disip Senyè a.

参见章节 复制




Travay 11:24
21 交叉引用  

Gadyen an te di: “Mwen kwè ke kouri a premye a sanble kouri a Achimaats, fis a Tsadok la.” Epi wa a te di: “Sa se yon bon mesye e li pote bòn nouvèl.”


L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete; Li va prezève koz li a nan jijman an.


Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a. Konsa, Li pran plezi nan chemen li.


Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a; men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.


Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.


Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.


Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal.


Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”


Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis.


Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.”


Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.


Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.


Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo. Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.


Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.


Konsa, anpil kwayan nan non Senyè a, yon fòs kantite gason avèk fi t ap ajoute tout tan pami yo.


Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a.


Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche.


Epi Étienne, ranpli avèk gras ak pouvwa, te fè mèvèy ak mirak pami pèp la.


Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.


Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a,


Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri.


跟着我们:

广告


广告