Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 11:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li va pale nou pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk tout lakay nou.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.

参见章节 复制




Travay 11:14
30 交叉引用  

“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.


Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”


Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou sila ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,


Desandan li yo va pwisan sou latè. Jenerasyon ladwati a va beni.


Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l; A la beni fis ki vini apre li yo beni!


Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.


Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.


Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”


E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”


Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.


Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi tout lakay li ansanm avèk li.


“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.


Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibo nou ta ale? Ou gen pawòl lavi etènèl yo.


Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.


Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”


“A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”


Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”


“Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la.


Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.


Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.


Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”


Alò, mwen te batize tout fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun.


跟着我们:

广告


广告