Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 1:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Apre sa, yo lapriyè konsa: — Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Apre sa, apot yo priye Bondye, yo di: Senyè, ou menm ki konnen sa ki nan kè tout moun. Montre nou ki lès pami de mesye sa yo ou chwazi

参见章节 复制




Travay 1:24
24 交叉引用  

alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo;


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.


èske Bondye pa ta dekouvri sa a? Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.


Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, men etabli sila ki dwat yo. Paske se ladwati Bondye ki fè prèv nan kè avèk panse moun.


Sejou mò yo ak labim nan parèt devan zye SENYÈ a; konbyen, anplis, pou kè a lòm!


Men O SENYÈ dèzame yo, ki fè jijman ki dwat yo, ki sonde santiman ak kè yo, kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.


“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”


Sepandan, O SENYÈ dèzame yo, Ou menm ki sonde moun dwat yo, ki wè panse ak kè a; kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.


Ke SENYÈ a, Bondye a lespri tout chè yo, ta chwazi yon mesye sou kongregasyon an,


Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.


Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.


Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.


Bondye ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an.


Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin fè lapriyè, yo te poze men sou yo.


Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.


Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.


Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.


Pou sa, Saül te di a SENYÈ a, Bondye a Israël la: “Fè yon tiraj osò konplè.” Epi Jonathan avèk Saül te pran; men pèp la te delivre.


Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”


跟着我们:

广告


广告