9 Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.
9 Senyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap donminen sou tout bondye yo.
O SENYÈ, nanpwen lòt tankou Ou, ni nanpwen okenn Bondye sof ke Ou, selon tout sa ke nou te tande avèk zòrèy nou.
Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran, e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.
Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.
Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ, paske gade byen, lènmi Ou yo va peri. Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.
Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
Paske gran se SENYÈ a! Li merite gran lwanj. Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.
Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”
SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete. Li te ranpli Sion ak jistis ak ladwati.
Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.
Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli; instwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!
pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.