4 Loray Li yo klere tout mond lan. Latè wè e li tranble.
4 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale, ak loray Li jis rive nan tout pwent tè a.
Li souke latè sòti nan plas li, e fè pilye fondasyon li yo tranble.
Li gade tè a e tè a vin tranble. Li touche mòn yo e yo fè lafimen.
Pran tranble, O latè, devan SENYÈ a, Devan Bondye a Jacob la,
Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an. Loray yo te klere tout tè a. Mond lan te tranble. Li te souke.
Chemen Ou an te nan lanmè a, e vwa Ou nan dlo pwisan yo. Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. Tranble devan L, tout latè a.
Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.
Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.
Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.