Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”
Anpil nasyon va vin di: “Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, lakay Bondye Jacob la, pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo e pou nou ka mache sou pa Li yo.” Paske depi nan Sion, lalwa va sòti e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.
Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.