9 Sila ki plante zòrèy la, èske Li pa tande? Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
9 Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l pa ta ka wè?
SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
Figi SENYÈ a kont malfektè yo, pou efase memwa yo sou tè a.
èske Bondye pa ta dekouvri sa a? Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.
SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bebe, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a?
Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten; nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
Zòrèy ki tande ak zye ki wè; se SENYÈ a ki te fè tou de.
Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout pou l pa ka sove; ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.
Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.”
Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye?