17 Si SENYÈ a pa t sekou mwen, nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
17 Si se pat Senyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri.
Mò yo pa louwe SENYÈ a, ni sila ki desann antre nan silans yo.
Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe, Men SENYÈ a te fè m sekou.
Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen; Fè zye m wè, pou m pa mouri;
Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ, paske se Ou ke m rele.
Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.