12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an, O SENYÈ, ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,
12 Ala bon sa bon, Senyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l konnen sa ki nan lalwa ou,
“Gade byen kijan nonm ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan. Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare, men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.
Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.
Vwa SENYÈ a va rele vè vil la, e sajès, li menm, fè lakrent non Ou. “Koute baton an, ak Sila ki te deziye l.
Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.
Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.
“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.