11 SENYÈ a konnen panse a lòm, ke se sèlman yon souf ke yo ye.
11 Senyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen.
Men pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen. Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
“Paske Mwen konnen zèv yo ak panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen.
Paske sa ekri: “Mwen va detwi sajès a saj yo, e entèlijans moun save yo, mwen va mete sou kote.”
Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo.
Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.
Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.”