Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 90:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Ou te mete inikite nou yo devan Ou. Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.

参见章节 复制




Sòm 90:8
23 交叉引用  

si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen. Ou pa ta akite m de koupabilite mwen.


“Paske zye Li sou chemen a yon nonm. Li wè tout pa li fè.


Li pale a tèt li: “Bondye bliye. Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”


Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L koupe retire memwa yo sou latè,


Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.


Bagay sa yo, ou te fè yo, e Mwen pa t di yon mo. Ou te konprann ke M te menm jan ak ou. Mwen va repwoche ou e pale ka a an lòd devan zye ou.


Li fin brile ak dife. Li fin koupe atè nèt. Yo peri ak repwòch devan Ou.


Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a, e Li veye tout pa li yo.


Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.


Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, ni inikite yo pa kache devan zye M.


Malgre se ak savon lesiv ou ta savonnen ak anpil savon, tach inikite ou rete devan M,” deklare Senyè BONDYE a.


Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”


Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’”


si peche ke li te fè a vin konnen a li menm, li va pote pou ofrann li, yon kabrit, yon mal san defo.


si peche li a vin konnen a li menm, alò, li va pote pou ofrann pa li a, yon kabrit, yon femèl san defo, pou peche ke li te komèt la.


Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.


Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.


si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.


Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.


跟着我们:

广告


广告