6 Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve. Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.
6 Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.
Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire.
Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan E non Ou jis a tout jenerasyon yo.
Akoz gwo bri kri mwen yo, zo m yo kole sou chè m.
Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la, e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo, se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.
Yon vwa pale: “Rele fò.” Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?” “Tout chè se zèb, e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
“Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
Paske solèy la leve avèk yon gwo chalè, epi zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.