11 Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion; deklare pami pèp yo zèv Li yo.
11 (12) Ann fè lwanj Senyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.
Mwen p ap mouri, men m ap viv, e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.
Chante glwa a non Li! Ranpli lwanj Li ak laglwa!
Vini pou wè zèv Bondye yo. Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.
Tabènak Li a nan Salem. Abitasyon Li an osi nan Sion.
Men Li te chwazi tribi Juda a, Mòn Sion ke Li te renmen anpil la.
Paske li te renmen M konsa, pou sa, Mwen va delivre li. Mwen va mete li byen solid an wo, akoz li te rekonèt non Mwen.
Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.” Anverite, mond lan etabli byen solid. Li p ap ebranle menm. SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.
E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lamou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”
Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole,
Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.