Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 89:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki tankou Ou, O SENYÈ pwisan an? Anplis, fidelite Ou antoure Ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 (9) Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Senyè!

参见章节 复制




Sòm 89:8
19 交叉引用  

Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Sòti nan nò, se reyon majeste an lò; Bondye antoure ak majeste etonnan.


Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs! Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye pwosè vèbal bay Li menm?


Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs. Bon konprann Li an san limit nèt.


Se kilès ki Wa a glwa a? SENYÈ fò e pwisan an, SENYÈ a pwisan nan batay la.


Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm? Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo? Wi, ak aflije e malere yo k ap soti nan men a sila menm k ap vòlè yo?”


Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo. Ou menm ki te fè gwo bagay yo. O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?


O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!


Ou gen yon men byen fò. Men dwat Ou leve byen wo.


Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,


Alò, konsa, pa aji tankou mokè yo, pou chenn ki mare nou yo pa vin pi rèd. Paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo, desizyon deja fèt pou detwi tout latè a.


‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an. Menm lènmi nou yo kapab jije sa.


Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.


Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Li menm ki konnen! E Li menm va kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a!


Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?”


Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.


跟着我们:

广告


广告