Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 89:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo, e mèvèye plis pase tout sila ki antoure Li yo?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 (8) Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.

参见章节 复制




Sòm 89:7
17 交叉引用  

Se kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, Ki sou twòn Li anwo a,


Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.


Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.


Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.


A kilès, alò, nou ta konpare Bondye? Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?


“Alò, ak kilès ou va konpare Mwen, pou M ta kapab vin egal avè l?” pale Sila Ki Sen an.


Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.


Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.


Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.


Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.


Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.


Yon gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.


跟着我们:

广告


广告