6 Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,
6 (7) Senyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!
Se kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, Ki sou twòn Li anwo a,
Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.
Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.
Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.
Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo. Ou menm ki te fè gwo bagay yo. O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?
Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou? Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.
O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki tankou Ou, O SENYÈ pwisan an? Anplis, fidelite Ou antoure Ou.
Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?
Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!