Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 89:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 ‘Mwen va etabli jèm ou nèt e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 (5) W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan.

参见章节 复制




Sòm 89:4
23 交叉引用  

Alò, pou sa, pou li kapab fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè pa Ou a, pou li kapab kontinye pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O Senyè BONDYE, te pale; epi avèk benediksyon pa Ou, pou lakay sèvitè Ou a kapab beni pou tout tan.”


alò, Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’


Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan.


Sepandan, SENYÈ a, Bondye Israël la, te chwazi mwen soti nan tout lakay papa m pou vin wa sou Israël jis pou tout tan.


SENYÈ a te sèmante a David anverite. Sou sila Li p ap fè bak: “Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.


Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak temwayaj ke Mwen va enstwi yo, fis pa yo tou va chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”


Non li va dire jis pou tout tan. Non li va la toutotan solèy la ap briye a. Tout lezòm va beni pa li. Tout nasyon yo va rele li beni.


Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan. Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.


Konsa, Mwen va etabli desandan li yo jis pou tout tan, e twòn li tankou jou syèl yo.


Desandan li yo va dire jis pou tout tan, e twòn li va tankou solèy la devan M.


Sonje, O Senyè, repwòch a sèvitè Ou yo, jan mwen pote nan lestonmak mwen, repwòch a tout nasyon pwisant yo,


“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


Nan jou sa a, SENYÈ a va defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou zanj SENYÈ a devan yo.


Esaïe di ankò: “Li va gen rasin Jessé a; Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo. Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”


“Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”


跟着我们:

广告


广告