Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 88:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Zye m gen tan pouri akoz afliksyon. Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ. Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 (10) Je m ap boule m tèlman m'ap soufri. Senyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m ba ou!

参见章节 复制




Sòm 88:9
19 交叉引用  

“Si ou ta vle vin bon, dirije kè ou e lonje men ou vè Li.


Se zanmi mwen yo k ap moke m. Zye m kriye a Bondye.


Anplis, zye m vin pa wè klè akoz doulè m, e tout nanm mwen tankou lonbraj.


Poukisa limyè bay a yon nonm ak chemen an kache a, ke Bondye te jennen tout kote a?


Paske mwen te manje sann kon pen e mele bwason m ak dlo zye m,


Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.


Kè m bat fò, fòs mwen kite m. Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.


Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.


Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”


Si nou te bliye non a Bondye nou an, oswa lonje men nou vè yon lòt dye etranje,


Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen. Li va tande vwa m.


Zye m pouri nèt ak gwo doulè. Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.


Prens yo va sòti an Égypte. Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.


Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.


O SENYÈ, Bondye sali mwen an, Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.


Li te antoure m anndan pou m pa ka sòti. Li te fè chenn mwen an byen lou.


Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:


Jésus te kriye.


跟着我们:

广告


广告