2 Kite priyè mwen vini devan Ou. Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!
2 (3) Se pou lapriyè m rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou.
“Si yon nonm peche kont vwazen li, e si li oblije fè yon ve, si li vin fè ve a devan lotèl Ou, nan kay sila a,
Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou. Mwen ap tann pawòl Ou yo.
Sepandan, Ou sen; Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.
Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.
Kite vwa prizonyè k ap plenyen yo rive devan Ou. Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.
Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.
Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.