13 Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye. Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.
13 (14) Senyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
avan ke m ale—pou mwen pa tounen nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la, nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen.
Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye.
Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt.
Ou te tande vwa m: pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou, ak kriyè mwen an.
Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.