Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 87:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di: “Tout sous bwote yo, se nan ou”.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: Se ou menm ki manman nou tout.

参见章节 复制




Sòm 87:7
20 交叉引用  

Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len.


kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.


Kite yo louwe non Li avèk dans! Kite yo chante lwanj a Li avèk tanbouren ak gita.


Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a. Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.


Genyen yon rivyè ak flèv li yo ki fè kè vil Bondye a kontan; lye sen a kote Pi Wo a demere a.


Beni Bondye nan asanble yo, SENYÈ a menm, fontèn dlo Israël la.


Akoz sa, plen ak jwa, nou va rale dlo nan sous sali yo.


Epi li te mennen m retounen nan pòt kay la; epi gade byen dlo t ap koule soti anba papòt kay la vè lès, paske kay la te bay fas vè lès. Epi dlo a t ap koule soti pa anba, soti akote dwat kay la, soti kote sid lotèl la.


Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras.


Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”


Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”


Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.


Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè.


Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an,


Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.


跟着我们:

广告


广告