Alò, li va vin rive nan dènye jou yo, ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo. Li va leve pi wo pase kolin yo, e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
Epi li va vin rive ke nenpòt moun ki rele non SENYÈ a, li va delivre; paske nan Mòn Sion ak Jérusalem, va gen sila ki chape yo, jan SENYÈ a te di a, menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.