Tout bagay an lò avèk ajan yo te vin kontwole nan senk-mil-kat-san. Sheshbatsar te mennen yo tout monte avèk moun egzil ki te sòti Babylone yo pou rive Jérusalem.
Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo, e gen konpasyon pou lakay li yo; vil la va rebati sou ranblè li yo e palè a va kanpe nan pwòp plas li.
Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O kay ladwati a, O mòn sen an!’
“Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an.
Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. Kay Mwen an va bati ladann l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’