Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 84:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 (10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!

参见章节 复制




Sòm 84:9
16 交叉引用  

Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”


Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo. David, fis a Jesse a deklare, Mesye ki te leve anwo a deklare, Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la, Chantè dous Israël la,


“O SENYÈ Bondye, pa vire kite fas a onksyone pa Ou a. Sonje lanmou dous Ou vè sèvitè Ou a, David.”


La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt. Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.


Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.


Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:


Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.


Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.


Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye. Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann, O SENYÈ, boukliye nou an.


Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.


Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an. Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.


O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy. Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.


“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,


Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”


Lè yo te antre, li te gade Eliab e li te panse: “Vrèman onksyone SENYÈ a devan m nan.”


Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”


跟着我们:

广告


广告