Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 84:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 (12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.

参见章节 复制




Sòm 84:11
29 交叉引用  

Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”


Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen, Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.


Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a;


SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?


Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.


Prens a pèp yo rasanble yo ansanm, pèp a Bondye Abraham nan. Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye. Li leve byen wo.


Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.


Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon, e peyi nou an va bay rekòlt li.


Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.


Li mete sajès nan depo pou moun dwat la. Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,


Sila ki mache san tò a va delivre; men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.


Pi bon se malere ki mache ak ladwati a pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.


Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob? “Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè? Èske bagay sa yo se zèv pa Li? Èske pawòl Mwen yo pa fè byen pou sila k ap mache dwat la?”


Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.


Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.


Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras.


Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun.


Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”


Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.


Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,


Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?


Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a.


Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.


Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.


Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.


跟着我们:

广告


广告