SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.
Di a peyi Israël la: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen vin kont nou. Mwen va rale nepe Mwen nan fouwo, e Mwen va koupe retire de nou moun dwat yo ak mechan yo.