Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt.
Paske plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.
“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.
Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.