Mwen va, osi, etabli yon plas pou pèp Mwen an, Israël. Mwen va plante yo, pou yo kab viv nan pwòp plas yo e pou yo pa vin deranje ankò, ni pou mechan pa aflije yo ankò tankou lontan,
Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo.
Joab te bay nimewo a tout moun a David yo. Epi tout Israël, mesye ki te rale nepe yo, se te yon milyon-san-mil òm e Juda te kat-san-swasann-dis òm ki te rale nepe yo.
Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.
Li te fouye toupatou li, retire wòch li yo, e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a. Li te bati yon fò nan mitan l, e te fouye yon basen diven ladann. Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo, men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.
Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?