Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 80:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Ou fè nou vin yon objè konfli devan vwazen nou yo. Lènmi nou yo ri pami yo menm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 (7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.

参见章节 复制




Sòm 80:6
11 交叉引用  

Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.


Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo, Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.


Alò, pou rezon sa a, vin fè yon antant ak mèt mwen an, wa Assyrie a, e mwen va bannou de-mil cheval, si nou ka jwenn chevalye kont pou mete sou yo.


Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!


Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen, yon nonm ki fè twoub leve, yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a! Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen; malgre sa, yo tout ban m madichon.


Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib? Oswa, èske se pami volè li te tonbe? Paske chak fwa nou pale sou li, nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.


Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo,


Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.


Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo.


跟着我们:

广告


广告