Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 80:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Menm boujon ke men dwat Ou te plante a, e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 (16) Vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.

参见章节 复制




Sòm 80:15
16 交叉引用  

Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte. Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te plante li la.


Avèk li menm, men M va vin etabli. Anplis, bra M va ranfòse li.


Lache, O SENYÈ! Konbyen tan sa va ye? Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!


Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.


Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant pou m ta Sèvitè Li a: Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a, pou Israël ta ranmase vè Li (paske mwen te resevwa lonè nan zye SENYÈ a e Bondye Mwen an se fòs Mwen),


Gade anba depi nan syèl la e wè soti nan abitasyon sen Ou ki plen ak glwa Ou. Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo? Santiman a kè ou ak konpasyon Ou te vin anpeche de mwen.


Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?


jiskaske SENYÈ a gade anba soti nan wotè syèl la pou wè.


Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.


Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a.


Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.


“Mwen se vrè pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an.


Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’


跟着我们:

广告


广告