Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 79:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou. Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou, paske nou fin rive ba nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt.

参见章节 复制




Sòm 79:8
18 交叉引用  

Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.”


Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”


Anpil fwa, Li te delivre yo. Malgre, yo menm te plen rebelyon nan konsèy yo, e te plonje desann nan inikite yo.


SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo. Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.


Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?


“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, paske yo twò fò pou mwen.


Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.


Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.


Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”


Pa vin fache depase, O SENYÈ, ni sonje inikite nou yo pou tout tan. Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.


Li te di m: “Fis a lòm, Mwen ap voye ou kote fis Israël yo, a yon pèp rebèl ki te fè rebèl kont Mwen. Yo menm ak papa zansèt yo te transgrese kont Mwen jis rive jodi a.


O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.


Pou sakrifis ofrann Mwen yo, yo fè sakrifis vyann, e yo manje l. SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo. Konsa, Li va sonje inikite yo, e pini peche yo. Yo va retounen an Egypte.


Yo antre tèt yo byen fon nan koripsyon, tankou nan jou a Guibea yo. Li va sonje inikite yo. Li va pini peche yo.


“Etranje ki pami nou an, va leve pi wo e pi wo ke nou, men nou va desann piba, e piba.


Paske peche li yo anpile vin menm wotè ak syèl la, e Bondye sonje tout inikite li yo.


跟着我们:

广告


广告