“Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon.
Fis a Dan yo te fè monte pou kont yo, menm imaj taye a; epi Jonathan, fis a Guerschom lan, fis a Manassé a, li menm avèk fis li yo te prèt pou tribi Danit la jis rive jou ke peyi a te vin pran an kaptivite a.
Konsa, sila ki te pote nouvèl la te reponn: “Israël te sove ale devan Filisten yo, e te genyen osi, yon gwo masak pami pèp la. Anplis, de fis ou yo, Hophni avèk Phinées mouri, e lach Bondye a te kaptire.”